liv lapriyè ansanm (lila)
Haitian Creole bcpByenvini.html
 


Chimen Lakwa


YON FASON POU LAPRIYÈ PANDAN KARÈM

   
   

Litiji ak lapriyè nou konnen sou non “Chimen lakwa-a” oswa “Estasyon lakwa-a” te parèt lakay kretyen oksidan yo nan kenzyèm syèk.


Nan chèche konnen kote l’ sòti, yo jwenn se depi nan epòk kwazad yo, lè moun ki t’ap fè pelerinaj nan peyi Izräyèl yo te vizite kote Kris la te mache anvan li te mouri sou bwa kwa-a nan zanviron lavil Jerizalèm. Lè moun sa yo sòti nan pelerinaj te retounen nan peyi pa yo an Eròp, yo te rebati estasyon sa yo andedan legliz yo. Kèk nan yo te bati kèk estasyon tou nan rak bwa nan peyi yo pou yo te ka kontinye fè lapriyè sa yo.


Kantite estasyon yo pa menm tout kote. Selon jan yo te konprann oswa divize wout Kris la te fè sou chimen lakwa. Nan dizuityèm syèk yo te rive dakò sou katòz estasyon men gen senk ladan yo ki pa gen ankenn koneksyon dirèk ak levanjil yo. Senk estasyon sa yo pi sanble ak istwa ki soti nan kont, blag ak lejand ki te egziste sou jan Jezi te mache sou wout lakwa a oswa kèk meditasyon ki te fèt san prepare.


Kòm se pa otorite lejitim legliz ki te deside kisa lapriyè sa yo te dwe gen ladan yo, yo te tounen meditasyon prive moun te konn fè epi adapte poukont yo sivan jan yo te konprann estasyon Jezi te pase nan wout li sou chimen lakwa. Nou dwe di tou ke gen gwoup moun ki te konn reyini pou lapriyè ansanm devan chak estasyon pandan karèm, yo te chante kantik (Stabat Mater ki nan paj kouvèti a an laten) lè y’ap mache soti nan yon estasyon pou ale nan yon lòt.


Fòm lapriyè ki nan ti liv sa a fèt pou gwoup moun ka itilize l’. Tout sa ki ladan l’ soti nan labib ak Liv Lapriyè Ansanm lan. Nou ka itilize l’ tankou yon sèvis poukont li oswa nan priyè di maten ou di swa. Nou ka itilize l’ tou kòm priyè anvan kominyon. Li gen sèlman nèf estasyon piske se sèlman nèf estasyon sa yo ki gen yon sous dirèk nan levanjil yo tout bon vre.


Ti liv sa se yon Pè ki rele R. P. Massey H. Shepherd Jr. ki te enprime l’ pou premye fwa nan dyosèz Konektikèt nan zanviron 1950 yo. Elèv seminè Legliz Episkopal Ayiti yo te tradi l’ an Franse nan lane 1960 Evèk dyosèz la te otorize l’ pou pè te ka sèvi ak li. Tradiksyon Kreyòl la se Pè Nathanael Saint-Pierre ki fè l’ pou Ayisyen nan Nouyòk ak toupatou. Kòm se pa Evèk Ayiti ki Otorize vèsyon Kreyòl sa a nou konseye pè ki vle sèvi ak li pou pran kèk prekosyon.


CHIMEN LAKWA


YON FASON POU LAPRIYÈ PANDAN KARÈM


Preparasyon


Nan non Papa-a, pitit la ak Lesprisen an. Amen.


Moun k’ap dirije a: Kilès moun sa-a ki soti lavil Bozra nan peyi Edon ak yon rad rouj sou li? L’ap mache byen bwòdè ak bèl rad li sou li. L’ap mache tèt byen wo l’ap pile tè a byen fò?


Lòt moun yo: Se mwen menm Seyè a ki gen pouvwa delivre moun, Se mwen k’ap pale koze delivrans lan.


Moun k-ap dirije a: Poukisa rad ou rouj konsa a? tankou moun k’ap kraze rezen anba pye yo pou yo fè diven?


Lòt moun yo:Mwen te pou kont mwen ap kraze nasyon yo anba pye m', tankou rezen nan basen. Pa t' gen yon moun nan pèp mwen an ki te la avè m'. Mwen fè kòlè, mwen mache sou yo, m' pilonnen yo anba pye m' sitèlman mwen te fache. San yo benyen tout rad mwen, li tache yo byen tache.

(Ezayi 63: 1– 3)


Granmèt la avèk nou.

Avèk ou menm tou.

Annou lapriyè.


Vini met men ak nou nan bonkè ou, Bondye ki plen mizerikòd, ou menm ki ka sove nou, pou nou ka  komanse lapriyè sa a avek yon kè byen dispoze, pou nou ka medite sou bèl mèvèy ki te pase lè ou t’ap bay lavi ki pap janm fini an. Granmesi Jezikri Granmèt nou. Amen.


1. YO KONDANE JEZI AMÒ


Leson an soti nan Matye 27: 24  -  26


24Lè Pilat wè li pa t' kapab fè anyen ankò, paske pèp la te soti pou l' te fè plis dezòd toujou, li pran dlo, li lave men l' devan tout foul moun yo. Li di yo: Mwen menm, mwen pa reskonsab lanmò nonm sa a. Sa, se sou kont nou li ye.

25Tout pèp la reponn: Se pou reskonsablite lanmò l' tonbe sou nou ak sou tout pitit nou yo.

26 Apre sa, Pilat lage Barabas ba yo. Li fè yo bat Jezi byen bat, li renmèt yo li pou y al kloure l' sou yon kwa. (Fè yon ti silans)


Meditasyon


Kilès ki va kanpe pou mwen kont mechan yo?

Kilès ki va pran pou mwen kont moun k’ap fè mal yo?


Y’ap fè konplo sou moun ki mache dwat.

Yo vle fè san yon inosan koule.


Men senyè a se tout defans mwen

Bondye mwen, se twou ròch kote m’ jwenn pwoteksyon.

(Sòm 94: 16, 21-22)


Granmèt la avèk nou.

Avèk ou menm tou.

Annou lapriyè.


O Bondye Granmèt, Pitit ou renmen anpil la, Jezikri Sovè nou, te pare po do l’ bay moun ki t’ap frappe l’ yo. Li pa t’ bare figi l’ devan krache yo tou; tanpri souple, fè nou gras pou nou aksepte soufrans n’ap rankontre koulye a ak konviksyon ke n’a va wè laglwa Jezikris la.  Li menm k’ap viv, ki rwa, k’ap gouvènen ansanm ak ou, ansam ak Lesprisen an. Amen.


O, Sovè lemond, Ou menm ki peye ak san w’ sou bwa kwa a pou ka sove nou;

Sove nou, ede nou n’ap sipliye w’ ak tèt nou byen ba, Granmèt nou.


2. JEZI RESEVWA KWA-A


Leson an soti nan Matye 27: 27  -  31


27Sòlda Pilat yo mennen Jezi nan kay gouvènè a. Yo sanble tout batayon sòlda yo fè wonn li.

28Yo dezabiye l', yo mete yon gwo rad koulè wouj violèt sou li.

29Yo trese yon kouwòn pikan mete nan tèt li, yo ba l' yon ti bwa wozo kenbe nan men dwat li. Apre sa, yo mete ajenou devan l', yo pran pase l' nan betiz. Yo di li: Bonjou, wa jwif yo!

30Yo krache sou li, yo pran wozo a, yo ba l' kou nan tèt.

31Apre yo fin pase l' anba kont betiz yo, yo wete gwo rad la, yo mete rad pa l' sou li ankò. Epi yo mennen l' ale pou yo kloure l' sou yon kwa. (Fè yon ti silans)


Meditasyon


Yo te meprize l’, yo pa t’ gade l’ menm, li konn doulè, li abitye soufri.

Tankou se te yon moun ki bannou kè plen, nou vire do bali, nou pa okipe l’.


Alòs ke se soufrans pa nou li t’ap soufri nan plas nou; se doulè pa nou yo li pran pote sou do l’.

Noumenm menm, nou te konprann se maspinen Bondye t’ap maspinen l’, se frape Bondye t’ap frape l’, se kraze Bondye t’ap kraze l’ anba men l’.


Men se pou peche nou ki fè yo kòche po l’ met san l’ deyò, se akòz peche nou, yo kraze zo l’ anba baton konsa;

Chatiman ki bannou kè poze a tonbe sou do l’, se gras a maleng li yo ke nou jwenn gerizon.

(Ezayi 53: 3– 5)

Granmèt la avèk nou.

Avèk ou menm tou.

Annou lapriyè.


Bondye ki gen pouvwa sou tout bagay, Pitit ou renmen anpil la pa t’ moute nan syèl ak bèl mèvèy anvan li te soufri. Li pa t’ antre nan laglwa anvan yo te kloure l’ sou lakwa; Fè nou gras, nan bon kè ou, pou nou jwenn lavi ak lapè pandan n’ap mache sou chimen lakwa a. Pa pouvwa Jezikri, pitit ou, Granmèt nou. Amen.


O, Sovè lemond, Ou menm ki peye ak san w’ sou bwa kwa a pou ka sove nou;

Sove nou, ede nou n’ap sipliye w’ ak tèt nou byen ba, Granmèt nou.


3. SÒLDA YO FÒSE SIMON, MOUN PEYI SIRÈN POTE KWA-A


Leson an soti nan Mak 15: 21  -  23


21Te gen yon nonm yo rele Simon, moun peyi Sirèn, papa Aleksann ak Rifis. Antan Simon sa a t'ap soti nan jaden, li pase bò la, epi sòlda yo fòse msye pote kwa Jezi a.

22 Yo mennen Jezi yon kote yo rele Gòlgota (ki vle di: Plas zo bwa tèt la).

23Yo te vle ba li diven melanje ak yon siwo fèt ak lami pou l' te bwè. Men, li pa pran li. (Fè yon ti silans)


Meditasyon


Senyè a pwan men moun,  li mennen yo nan bon chimen,

Li kontan wè yo mache dwat;


Si yo tonbe, yo p’ap rete atè a,

Paske Senyè a ap ba yo men


Paske lwa Bondye a rete nan kè moun ki mache dwat

Yo ka bite, yo ka glise men yo p’ap tonbe pou ret atè.

(Sòm 37: 23-24, 31)

 

Granmèt la avèk nou.

Avèk ou menm tou.

Annou lapriyè.


Bondye ki gen pouvwa sou tout bagay, ou menm ki bannou sèl grenn Pitit gason w’ lan pou li te tounen yon sakrifis pou peche menm jan li se modèl yon lavi ki sen: Fè nou gras pou nou toujou resevwa, avèk yon rekonesans ki byen vivan, tout byenfè ke nou pa ka konte men ke li bannou. Fè nou kapab mete tout volonte nou tou nan siv tras beni lavi sen li an. Nan non menm Jezikri sa a, Pitit gason w’, Granmèt nou. Amen.


O, Sovè lemond, Ou menm ki peye ak san w’ sou bwa kwa a pou ka sove nou;

Sove nou, ede nou n’ap sipliye w’ ak tèt nou byen ba, Granmèt nou.


4. FANM YO AP PLENN SÒ JEZI


Leson an soti nan Lik 23: 26  -  31


26 Antan sòlda yo t'ap mennen Jezi ale, yo kontre Simon, yon moun peyi Sirèn. Li te soti nan jaden. Yo pran msye, yo chaje l' anba kwa a pou l' pote li dèyè Jezi.

27Yon bann moun nan pèp la t'ap swiv Jezi. Te gen kèk fanm la tou ki t'ap kriye, ki t'ap plenn sò li.

28Jezi vire gade yo, li di yo konsa: Nou menm, medam lavil Jerizalèm, pa kriye pou mwen tande; kriye pou tèt pa nou ak tout pitit nou yo.

29Gen jou k'ap vin dèyè; lè sa a y'a di: benediksyon pou fanm ki pa kapab fè pitit, pou fanm ki pa t' janm fè pitit, pou fanm ki pa janm bay pitit tete.

30Lè sa a, tout moun va di mòn yo: Tonbe sou nou! Y'a mande falèz yo: Kouvri nou!

31Paske, si se sa yo fè bwa vèt la, kisa yo p'ap fè bwa chèch la? (Fè yon ti silans)


Meditasyon


Ou ba yo manje yon pen ki fèt ak dlo ki koule soti nan je w’.

Ou ba yo bwè dlo ki koule soti nan je w’ nan gwo gode.


Ou fè nasyon ki vwazen nou yo ap goumen youn ak lòt.

Ou kite lenmi nou yo ap pase nou nan rizib.


Bondye ki gen pouvwa sou tout bagay, mete nou sou pye nou ankò non!

Fè nou santi ou la avèk nou, epi n’a delivre !

(Sòm 80: 5-7)


Granmèt la avèk nou.

Avèk ou menm tou.

Annou lapriyè.


Bondye ki gen pouvwa sou tout bagay, Papa bon kè ou menm ki konsole tout moun: Pran pitye pou tout moun k’ap kriye pou yo ka remèt nan men w’ tout sa ki fè yo lapenn konsa yo va jwenn konsolasyon renmen w’ lan bay. Pa pouvwa Jezikri, Granmèt nou. Amen.


O, Sovè lemond, Ou menm ki peye ak san w’ sou bwa kwa a pou ka sove nou;

Sove nou, ede nou n’ap sipliye w’ ak tèt nou byen ba, Granmèt nou.


5. SÒLDA YO FÈ PIYAY SOU RAD JEZI TE GEN SOU LI


Lson an soti nan Jan 19: 23  -  24


23Lè sòlda yo fin kloure Jezi sou kwa a, yo pran rad li yo, yo fè kat pil ak yo, yo separe yo bay chak sòlda yo yonn. Yo pran gwo rad san kouti a, rad ki te fèt ak yon sèl pyès twal depi anwo jouk anba a.

24Sòlda yo yonn di lòt: Nou p'ap chire rad sa a non. Annou fè paryaj pou konnen pou ki moun l'ap ye. Se konsa, pawòl ki te ekri nan Liv la rive vre: Yo separe rad mwen ant yo: Yo fè paryaj pou rad mwen an. Se sa menm sòlda yo te fè. (Fè yon ti silans)


Meditasyon


Yo pèse de men m’ ak de pye m’. Mwen ta ka konte tout grenn zo nan kò m’.

Yo kanpe la y’ap gade bèl mèvèy, yo vin fè zen sou do mwen;


Yo fè piyay sou rad mwen antre yo,

Yo jwe aza, yo fè paryaj sou kostim mwen


Pa rete lwen m’ konsa Senyè mwen !

Ou menm ki tout fòs mwen, prese vini pou pote m’ sekou !

(Sòm 22: 16-19)


Granmèt la avèk nou.

Avèk ou menm tou.

Annou lapriyè.


Bondye ki la pou tout tan e ki gen tout pouvwa, ou te tèlman renmen lemond ke ou te voye Pitit gason-w lan Jezikri, Sovè nou, pou li te tounen yon moun menm jan ak nou, pou li te soufri, pou li te mouri sou lakwa, pou nou te ka suiv egzanp kijan pou nou degonfle tèt nou: Fè nou gras, nan bon kè ou, pou nou ka imite pasyans li konsa nou ka leve byen vivan apre lanmò nou. Pa pouvwa menm Jezikri sa-a, Granmèt nou. Amen.


O, Sovè lemond, Ou menm ki peye ak san w’ sou bwa kwa a pou ka sove nou;

Sove nou, ede nou n’ap sipliye w’ ak tèt nou byen ba, Granmèt nou.


6. YO KLOURE JEZI SOU LAKWA


Leson an soti nan Matye 27: 33  -  39


33 Lè yo rive kote ki rele Gòlgota a (ki vle di: Plas zo bwa tèt la)

34yo bay Jezi bwè diven mele ak fyèl. Men, lè l' goute l', li pa t' vle bwè li.

35Apre yo fin kloure l' sou kwa a, yo jwe aza pou separe rad li yo.

36Apre sa, yo chita ap veye li.

37Yo mete yon ti pankat anlè tèt li pou fè konnen kòz ki fè yo te kondannen l' la.

38Yo te kloure de ansasen sou de lòt kwa an menm tan avè l', yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch.

39Moun ki t'ap pase bò la a t'ap plede joure li. Yo t'ap fè siy sou li. (Fè yon ti silans)


Meditasyon


Bondye, Bondye m’, poukisa ou lage m’ konsa a?

Poukisa w’al kanpe lwen m’ san ou pa pote m’ sekou, san w’ pa tande m’ k’ap plenn.


Moun k’ap gade m’ ap pase m’ nan betiz.

Yo louvri bouch yo, lonje dwèt sou mwen, y ap fè jouda sou mwen.


Remèt tèt ou bay Bondye w’, li va sove w’

L’ap delivre w’ paske l’ renmen w’!


Pa kanpe lwen m’ lè eprèv yo ap pwoche pi pre mwen

Lè pyès moun pa vin pote m’ sekou!

(Sòm 22: 1, 7-9)


Granmèt la avèk nou.

Avèk ou menm tou.

Annou lapriyè.


Bondye ki gen pouvwa sou tout bagay, nou rekonèt ke nou merite chatiman nou piske nou peche: Tanpri souple, n’ap mande w’ pou pote nou sekou nan bonkè ou epi bannou gras konsolasyon w’ lan. Pa pouvwa Jezikri, Granmèt nou, Sovè nou. Amen.


O, Sovè lemond, Ou menm ki peye ak san w’ sou bwa kwa a pou ka sove nou;

Sove nou, ede nou n’ap sipliye w’ ak tèt nou byen ba, Granmèt nou.


7. JEZI MOURI SOU KWA A


Leson an soti nan Lik 23: 44  -  46


44 Li te midi konsa lè solèy la sispann klere sou tout peyi a jouk vè twazè nan apremidi.

45Rido ki te nan tanp lan chire fè de moso.

46Jezi rele byen fò, li di: Papa, m' ap renmèt lespri mwen nan men ou. Apre l' fin di pawòl sa yo, li rann dènye souf li. (Fè yon ti silans)


Meditasyon


Gade m’ non Senyè, reponn mwen non Bondye mwen! Kenbe m’ pou m’ pa mouri

Fè je mwen louvri byen klè pou mwen ka pa dòmi tankou moun ki mouri,


Konsa, lenmi m’ yo p’ap di: “Nou fini avè l’!”

Pou yo pa gen chans fè fèt lè yo wè m’ tonbe


Pou mwen menm, Se sou ou mwen konte paske ou renmen mwen anpil,

Kè m’ kontan, paske ou delivre mwen.

(Sòm 13: 3-5)


Granmèt la avèk nou.

Avèk ou menm tou.

Annou lapriyè.


Bondye, ou menm ki te vle voye Pitit gason w’ lan vin mouri sou lakwa pou te ka fè nou byen ankò ak ou; epi ki, nan leve byen vivan anba lanmò, delivre nou anba pisans lenmi nou an: Tanpri souple, bannou pouvwa pou nou mouri toulejou nan peche konsa nou ka viv nèt ale avèk li nan lajwa rezireksyon li. Li menm k’ap viv, ki se Pitit gason w’, Granmèt nou. Amen.


O, Sovè lemond, Ou menm ki peye ak san w’ sou bwa kwa a pou ka sove nou;

Sove nou, ede nou n’ap sipliye w’ ak tèt nou byen ba, Granmèt nou.


8. YO DESANN KÒ JEZI SOU KWA A


Leson an soti nan Matye 27: 57  -  60


57 Lè solèy fin kouche, yon nonm rich, moun lavil Arimate, vin rive. Yo te rele l' Jozèf. Li menm tou li te yon disip Jezi.

58li al jwenn Pilat, li mande l' kò Jezi a. Pilat bay lòd pou yo renmèt li kò a.

59Jozèf pran kò a, li vlope l' nan yon bèl dra blan tou nèf.

60Apre sa, li mete kò a nan yon kavo li te fèk fè fouye nan wòch la pou tèt pa l'. Apre sa, li woule yon gwo wòch devan bouch kavo a. Epi li al fè wout li. (Fè yon ti silans)


Meditasyon


Yo wete l’ pami moun ki vivan sou latè.

Se pou peche pèp mwen an yo touye l’.


Yo antere l’ menm kote ak mechan yo, yo mete l’ nan yon kavo nan mitan tonm moun rich yo.

Ak tout li pa t’ kriminèl, ak tout li pa t’ kite manti soti nan bouch li.


Se poutèt sa m’ap pran l’ mete l’ chèf, m’ap bali plas nan mitan grannèg yo.

Paske se limenm menm ki te bay tèt li pou l’ mouri konsa.

(Ezayi  53: 8-9, 12)


Granmèt la avèk nou.

Avèk ou menm tou.

Annou lapriyè.


O Granmèt Jezikri, ou menm ki te mouri pou te wete giyon lanmò sou nou: Bay sèvitè w’ yo pouvwa lafwa pou yo suiv wout ou trase a. Konsa nou ka dòmi avèk ou nan lapè e reveye ak imaj ou; nan bon kè ou. Ou menm k’ap viv avèk Papa a ak Lesprisen an, yon sèl Bondye, pou tout tan k’ gen tan. Amen.

 

O, Sovè lemond, Ou menm ki peye ak san w’ sou bwa kwa a pou ka sove nou;

Sove nou, ede nou n’ap sipliye w’ ak tèt nou byen ba, Granmèt nou.


9. YO METE JEZI NAN KAVO-A


Leson an soti nan Jan 19: 41  -  Lik 23: 55 - 56


41Kote yo te kloure Jezi sou kwa a te gen yon jaden. Nan jaden an te gen yon kavo tou nèf. Yo pa t' ankò mete pesonn ladan li.

55Medam ki t'ap mache avèk Jezi depi nan peyi Galile yo te ale ansanm ak Jozèf. Yo wè kavo a, yo wè ki jan yo te mete kò Jezi ladan li.

56Apre sa, yo tounen lakay yo, y' al pare lwil santi bon ak odè pafen pou benyen kò a. Men, jou repo a yo pa t' fè anyen, jan lalwa Moyiz te vle l' la. (Fè yon ti silans)


Meditasyon


Mwen toujou mete Senyè a tout tan devan je m’,

Paske li toujou bò kote m’, anyen pa ka brennen m’;


Se poutèt sa, kè m’ kontan anpil. Mwen santi se tout tan mwen t’ a chante,

Ata kò mwen m’ap poze ak konfyans nan Bondye.


Paske ou p’ap kite m’ kote mò yo ye a

Ou p’ ap penmèt moun k’ap sèvi w’ la pouri anba tè.

(Sòm 16: 8-10)


Granmèt la avèk nou.

Avèk ou menm tou.

Annou lapriyè.


Granmèt, kòm nou batize nan lanmò Pitit gason ou renmen anpil la, Sovè nou Jezikri: Antere nou ak li ak tout bagay ki pouri nan nou pou pandan n’ap pase nan papòt lakay mò yo nou kapab janbe nan lajwa rezireksyon pa nou tou. Pa pouvwa Jezikri Sovè nou ki te mouri, yo te antere men ki leve byen vivan pou sove nou. Amen.


O, Sovè lemond, Ou menm ki peye ak san w’ sou bwa kwa a pou ka sove nou;

Sove nou, ede nou n’ap sipliye w’ ak tèt nou byen ba, Granmèt nou.

 






          Liv Lapriyè Ansanm



Manje Granmèt la Rit II

 Prefas Pwòp Yo
 Gwo lapriyè pou di Bondye mèsi fòm A 
          Gwo lapriyè pou di Bondye mèsi fòm B 

      Kòlèk Yo
            Kòlèk pou Semèn Sa
            Kòlèk pou Semèn Pwochèn    

      Kòlèk Jou fèt Yo

     Prèch pou Dezyèm Dimanch Lavan

     Prèch pou Dimanch Lapasyon

     Yon sèvis pou limen chandèl Lavan yo

                         
                    Chimen_Lakwa.pdf


      Digital Ministry in Haiti


      



            


Byenvini.htmlManje_Granmet_la_Rit_II.htmlPrefas_Pwop_yo.htmlGwo_lapriye_pou_di_Bondye_mesi_fom_A.htmlGwo_lapriye_pou_di_Bondye_mesi_fom_B.htmlKolek_Yo.htmlKolek_pou_Semen_Sa.htmlKolek_pou_Semen_Pwochen.htmlKolek_Jou_fet_Yo.htmlPrech_pou_Dezyem_Dimanch_Lavan.htmlPrech_pou_Dimanch_Lapasyon.htmlYon_sevis_pou_limen_chandel_Lavan_yo.htmlChimen_Lakwa_files/Chimen_Lakwa_1.pdfDigital_Ministry_Photo_Gallery.htmlChimen_Lakwa_files/Chimen_Lakwa_2.pdfChimen_Lakwa_files/Chimen_Lakwa_3.pdfshapeimage_4_link_0shapeimage_4_link_1shapeimage_4_link_2shapeimage_4_link_3shapeimage_4_link_4shapeimage_4_link_5shapeimage_4_link_6shapeimage_4_link_7shapeimage_4_link_8shapeimage_4_link_9shapeimage_4_link_10shapeimage_4_link_11shapeimage_4_link_12shapeimage_4_link_13